🗓️ DAT KLE POU ELEKSYON JENERAL

  • Enskripsyon pou vote, 23 Oktòb.

  • Demann pou yon bilten postal, 31 Oktòb. Li rekòmande pou fè yon demann 20 Oktòb.

  • Voye bilten postal an tounen avan 8 p.m. 7 Novanm. Li rekòmande pou voye li tounen avan 1ye Novanm.

ENFÒMASYON POU MOUN K AP VOTE NAN PENSILVANI (PENNSYLVANIA).

🗳️ Gen yon eleksyon MADI, 7 NOVANM

Ou potko janm enskri oparavan? Ou te demenaje depi dènye fwa ou te vote a?

Si w potKo janm vote avan sa, premye etap lan se pou enskri. Si pa gen anyen ki chanje depi dènye fwa ou te vote a - nouvo adrès, chanjman nan non oswa ou vle chanje pati politik - ou dwe mete enskripsyon w lan ajou. Li enpòtan pou w enskri avèk adrès aktyèl ou pou ka jwenn bon bilten vòt lan, espesyalman si w gen pwojè vote pa lapòs.

Dat Kle pou Vòt pa Lapòs oswa Vòt pa Pwokirasyon

Si ou vle enskri an pèsòn, oswa sou papye, rele 1-877-VOTESPA pou ede.



OU GEN DWA!

Ou kapab enskri epi vote si ou se:

  • Yon sitwayen Etazini

  • Ou genyen 18 lane oswa plis nan Jou Eleksyon an

  • Yon rezidan nan Pennsilvani

☎ Nenpòt moun ki elijib gen dwa pou vote. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou eleksyon an, pou jwenn èd pou nenpòt pwoblèm ki konsène vòt, oswa pou deklare yon pwoblèm sou Jou Eleksyon an, ou kapab rele youn nan liy asistans sa yo ki pa gen pati:

  • Anglè: 866-OUR-VOTE (866-687-8683)

    Komite Avoka pou Dwa Sivil Selon Lalwa

  • Espanyòl ak Anglè: 888-VE-Y-VOTA (888-839-8682)

    Fon Pou Edikasyon NALEO

  • (عربى Arab ak Anglè: 844-YALLA-US (844-925-5287)

    Arab American Institute (AAI)

  • Mandaren, Kantonè, Koreyen, Vyetnamyen, Tagalòg, Oudou, Indi, Bengali ak Anglè - 888-API-VOTE (888-274-8683)

    APIAVote & Asian Americans Advancing Justice (AAJC)

  • Apèl videyo pou lang siy Ameriken: 301-818-VOTE (8683)

    National Association of the Deaf (NAD)

📞 Ou kapab rele biwo eleksyon eta a tou pou jwenn èd, ki genyen ladan fason pou jwenn kote biwo eleksyon vil ou an oswa konte ou a ye nan: 1-877-VOTESPA


KONNEN DWA OU YO

ENSKRI POU VOTE

Sa pa gen lontan mwen te enskri pou m vote. Kijan mwen ka asire mwen vrèman enskri?

Sa pran kèk jou pou biwo eleksyon konte a wè fòmilè enskripsyon ou an epi ajoute ou nan lis la.

Mwen se yon elektè ki enskri, men sa pa gen lontan mwen te demenaje. Èske mwen toujou enskri pou vote?

  • Wi. Men, si ou vle vote toupre nouvo kay ou an, oswa si ou vle vote pa mwayen lapòs, ou pral bezwen mete ajou enskripsyon ou an avèk nouvo adrès ou an. Ou kapab chanje adrès ou an sou entènèt ak Eta Depatman PA. Si ou vle enskri an pèsòn, oswa sou papye, rele 1-877-VOTESPA pou ede w.

  • Ou kapab retounen tou nan ansyen biwo vòt ou an epi vote la. Si ou te demenaje sa genyen mwens pase 30 jou anvan yon eleksyon, ou dwe vote nan ansyen biwo vòt ou an. Si ou kite eta a, ou bezwen enskri pou vote nan Pennsilvani.

Èske mwen ka enskri epi vote si mwen gen yon kazye jidisyè?

  • Wi, ou ka vote depi ou pa nan prizon nan moman an pou yon krim. Ou ka vote si ou nan pwobasyon oswa si ou nan libète kondisyonèl, si ou nan detansyon lakay ou, oswa si w ap pije yon pèn pou kondanasyon pou deli.

Mwen fèt Pòtoriko. Èske m ka vote nan Pennsilvani?

  • Si ou fèt Pòtoriko, otomatikman ou se yon sitwayen Etazini epi ou kapab enskri pou vote nan Pennsilvani (oswa nan eta w ap viv la).

Lè ou vote oswa menm enskri pou vote lè ou pa sitwayen Etazini se yo krim epi sa ka anpeche w vin yon sitwayen.


📨 VOTE PA MWAYEN LAPÒS

Kijan mwen ka mande yon bilten vòt postal?

Ou ka fè demann yon bilten 3 fason:

  1. Soumèt yon aplikasyon pou yon bilten postal oswa yon vòt pa pwokirasyon nan www.vote.PA.gov.

  2. Telechaje epi ranpli yon aplikasyon papye nan www.vote.PA.gov.

  3. Aplike nan biwo eleksyon ki nan konte w lan.

Kisa pou m fè si yo refize demann vòt mwen an pa mwayen lapòs?

  • Si ou jwenn yon notifikasyon ke yo te refize demann ou an, rele 866-OUR-VOTE pou jwenn yon asistans avoka gratis. 

Kilè m ap resevwa bilten vòt mwen an?

  • Selon lalwa, konte a dwe voye bilten vòt ou an pa mwayen lapòs ou a nan de semèn anvan eleksyon an. Si li pa vini, oswa si ou pèdi l, oswa si ou fè yon erè pandan w ap make nan bilten vòt la, rele biwo eleksyon konte ou a pou jwenn yon lòt.

  • Ou kapab verifye oswa swiv bilten vòt ou an nan www.vote.pa.gov/mailballotstatus.

Èske yon lòt moun ka depoze bilten vòt lapòs mwen an pou mwen?

Èske mwen ka chanje ide mwen sou vòt pa mwayen lapòs la aprè mwen fin aplike?

  • Wi. Pote bilten vòt ou an ak anvlòp pou retounen an nan biwo vòt ou an nan jou eleksyon an. Moun k ap travay nan biwo vòt la ap anile li, epi w ap ka vote an pèsòn nan yon kabinè vòt. Si ou pa gen bilten vòt ou an, w ap vote sou yon bilten pwovizwa.

Èske vòt mwen an pral vrèman konte si mwen vote pa mwayen lapòs?

  • Pa gen okenn pwoblèm pou vote pa mwayen lapòs. Genyen kontwòl yo mete an plas ki ka evite vòt ou an pa konte. Si ou panse lapòs te pèdi l, oswa si ou pèdi li lakay ou, ou ka rele biwo eleksyon konte ou an epi mande yon lòt. Chèche biwo eleksyon konte ou a sou Google, oswa rele 1-877-VOTESPA pou ka konekte.

Pou bilten vòt ou an konte ou dwe:

  • Mete bilten vòt ou an ki make a nan anvlòp sekrè a, sa ki make “Bilten Vòt Ofisyèl. la” Fèmen anvlòp la epi pa make anyen sou anvlòp sa a

  • Mete anvlòp sekrè fèmen an nan dènye anvlòp pou tounen an ki adrese pou konte a

  • Ou DWE siyen epi ekri ak men dat la sou anvlòp pou retounen an.

  • Si ou pa siyen epi ou pa ekri dat la sou anvlòp la, yo PA P konte vòt ou an.


👋 VOTE AN PÈSÒN

Ki kote pou m al vote?

  • W ap ka jwenn kote pou w al vote nan www.vote.PA.gov, lè w rele 866-OUR-VOTE oswa lè w rele biwo eleksyon konte ou an.

Èske m ap bezwen yon pyès ID pou m vote an pèsòn?

  • Non. Se sèlman elektè k ap vote premye fwa nan lokal vòt li a k ap bezwen vini ak yon pyès idantite. Ou ka itilize yon pyès ID ak foto, ki genyen ladan yon salarye oswa kat ID etidyan si ou gen youn. Epitou ou ka itilize yon pyès ID ki pa gen foto, tankou yon fakti sèvis piblik oswa relve bankè ki gen adrès ou. Yo pa ta dwe mande w pyès ID pou vote si ou te deja vote nan lokal vòt sa a anvan.

E si yo di mwen pa nan lis elektè yo?

  • Anvan, mande responsab elektoral la pou verifye lis la ankò oswa pou gade nan rejis vòt siplemantè a (yon lis ki gen dènye modifikasyon yo nan lis elektoral yo). Mande pou eple non w. Si ou kwè ou nan bon biwo vòt la men non w pa nan lis elektoral la, mande yon bilten vòt pwovizwa, yo gen obligasyon pou ba w youn. Tanpri deklare eksperyans ou a nan 866-OUR-VOTE.

Kisa yon bilten vòt pwovizwa ye?

  • Yo itilize yon bilten vòt pwovizwa pou anrejistre vòt ou a lè genyen yon kesyon sou elijiblite w oswa si ou te mande yon bilten vòt lapòs. L ap konte si responsab elektoral yo deside ou elijib pou vote.

Èske yo ka defye dwa m pou m vote nan eleksyon an?

  • Wi, men sèlman pou kèk rezon epi ak kèk moun. Yon responsab elektoral, yon obsèvatè eleksyon, oswa lòt elektè pa ka defye dwa yon elektè, sèlman si yo panse elektè a p ap viv nan sikonskripsyon an oswa li pa moun elektè a panse li ye a.


Avi pa gen responsablite

Gid sa a se pou vote nan Pennsilvani li pa yon avi legal. Si ou gen kesyon sou elijiblite oswa dwa, tanpri rele 866-OUR-VOTE oswa konsilte yon avoka.

Pou plis enfòmasyon, vizite www.vote.PA.gov